musicas.mus.br

Letras de músicas - letra de música - letra da música - letras e cifras - letras traduzidas - letra traduzida - lyrics - paroles - lyric - canciones - VA-T€EN BB - BEDJINE - música e letra

Utilize o abecedário abaixo para abrir as páginas de letras dos artistas

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z

Va-T’en Bb letra


Renmen nou renmen
Bedjine
Va-t'en bébé
Renmen nou renmen

Paske m renmen w m konn kache sa ou fè mwen
Tèlman m renmen w ou fè m gache tout rèv mwen
Men c'est assez w pap jwenn mwen ankò pou w vin kalote mwen
Tan w nan pase, w pap jwenn mwen ankò pou w vin galope mwen
Kounya m ap pran lavi m an men
M pap kite bonè m trennen
Dabò si m pa renmen tèt mwen
Kiyès ki pral renmen l pou mwen
Se marye nou marye marye marye
Se pa mare m mare mare

Se renmen nou renmen, m pa ret avè w
Se renmen nou renmen, m pa ret avè w
Va t'en bébé, bébé, va t'en bébé
Va t'en bébé, bébé, va t'en bébé

Lè ou antre w pa pote
Men tout sa w genyen w vin lote
Kijan de gason ke w ye
Tout kòb ou pou w banboche
Ou pa janm la pou w kenbe m lè m santi m vle bite, non
Ou frape m maltrete m lè n gen kont si m replike, non non non non
Pou jan m viv avè w se pa sa mwen merite
M mèt soufri men w pap jwenn mwen ankò pou w denigre m
Men c'est assez tan w pase m pap la ankò pou w vin galote m
Ou pap jwenn mwen ankò

Se renmen nou renmen, m pa ret avè w
Se renmen nou renmen, m pa ret avè w
Va t'en bébé, bébé, va t'en bébé
Va t'en bébé, bébé, va t'en bébé

M te chwazi rete avè w malgrem pat ere
M te panse ou te ka chanje
Finalman m reyalize se tan k tap pase
Cette fois c'est assez
Va-t'en, va-t'en bébé

Va-t'en bé-, va-t'en bé-, va-t'en bébé, va-t'en
Va-t'en bé-, va-t'en bé-, va-t'en bébé, va-t'en
Va-t'en bé-, va-t'en bé-, va-t'en bébé, humm eye
Va-t'en bébé, va-t'en bébé, va-t'en, va-t'en

Se renmen nou renmen, m pa ret avè w
Se renmen nou renmen, m pa ret avè w
Va t'en bébé, bébé, va t'en bébé
Va t'en bébé, bébé, va t'en bébé

Bedjine - Letras

top 30 músicas

©2003 - 2026 - musicas.mus.br